formation sur Risques et Desastres du 22 au 24 juillet 2010
Seminè Fòmasyon pou Fòmatè ki pral fòme lòt moun sou kesyon <<Dinamik katye ak abitasyon yo>> epi sou <<Jesyon Risk ak dezas>>
Men ki enterè ki dwe mobilize chak katye ak abitasyon pou fè pati rezo FENACQH la (Federation Nationale des Comités de Quartiers et des Habitations)
-
Zafè yon katye ak abitasyon dwe konsène tout lòt katye ak abitasyon ki nan rezo a ;
-
Yon katye pa dwe izole tèt li, menm jan yon moun pa ka izole tèt li nan sosyete a ;
-
Fòk nou konnen lè nou mete tèt nou ansanm nan katye ak abitasyon yo nou vin gen plis fòs ;
-
Nou dwe konnen FENACQH se yon zouti k’ap rasanble fòs tout katye yo ;
-
Depi koulye a nou dwe santi nou fò paske nou nan yon rezo ki reyini tout lòt fòs ;
-
Pa bliye nou pap janm kapab regle anyen lè nou sèl, men se ansanm pou sa rive fèt ;
-
Filozofi fòmasyon an se pèmèt nou konprann, esplike epi analize kòman pou nou reyini fòs nou nan lide pou rezoud pwoblèm yon sèl moun oubyen yon ti gwoup paka rezoud.
Plan Jesyon Risk ak dezas ki chita sou kominote a
Devlope yon plan detaye ki fasil pou kominote a konprann, pou plis sansibilize l sou zafè Risk epi devlope / konstwi yon kkapasite pou poze aksyon ki kapab pèmèt nou wè sa ki ka rive, fè fas ak yo, pou pèmèt pèp la reziste kont dezas
1 Lidèchip
Fòk genyen yon komite lidèchip ki te la déjà oubyen ki fèk monte ;
Lidèchip sa a dwe jwenn dizon tout sektè nan kominote a
Fòk gen otorite pou bay enfòmasyon ijan oubyen preseprese
Lidèchip la dwe makonnen ak tout bezwen kominote a, epi ak sipò yo ka jwenn lòt kote;
Wòl chak lidè dwe genyen;
Reskonsabilite nou ka bay lòt moun (Egzanp yon ekip volontè)
2-Konesans ak sansibilizasyon
Evalye tout Risk yo ki menase zòn nan;
Mete yon estrateji anplas pou rive jwenn tout moun pou bay enfòmasyon yo dwe konnen nan moman dezas yo (pa mwayen lekòl, legliz elatriye);
Mete yon system pou avèti Dezas ki ka rive ak zouti moun yo konnen (nan lekòl, nan òganizasyon, nan gage, elatriye)
Avèti / esplike popilasyon an sou egzistans danje yo. Konsa, mesaj yo dwe byen klè pou tout moun ka rive konprann, fòk moun k’ap bay enfòmasyon yo se moun yo fè konfyans. Fòk tout sa y’ap di ak sa yap fè yo byen planifye.
3-Sa nou dwe fè avan
Fòk lidè kominote yo idantifye kèk enstitisyon sèvis piblik oubyen abri tankou Lekòl, legliz, lamèri, lopital, lapolis, magazen kominotè elatriye… kap pèmèt yo pwoteje epi jere lavi moun;
Mannyè pou epanye lavi, ka yak byen
Mete nan galata ak lòt kote zouti ak sa ki ka sèvi fanmi ak kominote a;
Zouti ki ka pèmèt moun yo jwenn enfòmasyon nan moman an (tankou radio epi bay nimewo telefòn yo)
Kote pou moun yo ale pandan dezas la, fòk gen (manje, dlo, kote pou yo rete ak lòt bagay yo ka bezwen). Fòk kote a pwòp tou. Si li pa pwòp, fòk tout moun mete men pouf è asenisman.
4-Mete soupye yon plan pou tout sa ki ka rive
Yon plan tout moun konnen nan kominote a;
Fòme yon gwoup volontè epi bay yo (zouti, rato, bwat ki gen materiel pou bay premye swen)
Aksyon rapid pou chèche sekou (sis a ta rive sanzatann)
Bay swen ak moun kip is nan nesesite ak sa ki blese; antere mò yo;
Estrateji pou deplase moun yo: kisa pou yo pran? Kote pou yo ale! Kòman pou yo deplase?
Jere lokal kote moun yo ye a (manje, dlo, alimèt, gaz,lanp, ka yak lòt bagay);
Yon system kominikasyon- Enfòmasyon pou bay epi pran nòt;
5-Mwayen pou diminye Risk yo pandan plis tan
Manyè pou moun rete vivan ak kijan pou plante;
Dlo, lòt sous, rezèvwa, kote pou konsève, irigasyon, drenaj
Mezi pou mete estrikti egzanp: kote pou moun rete, pyebwa elatriye;
Mete yon system kredi anplas, yon system ki ka pèmèt moun yo fè ekonomi ak kòb pou yo demele yo rapid
Fè mouvman pou sòti nan feblès sa yo aka k sa ki bay feblès sa yo
Séminaire de formations du 22,23 au 24 juillet 2010
Nombre de participants : 50, 24 garçons et 26 femmes
Comité organisateur : Pasteur Jean Blaise Saint-Hilaire, Fortil Eugène, Fistel D. Michel, Patrick Henry, Jean Leger Eliezer, Antoine Augustin, Jean Saintanise, Tragelus Wilson, Watson FranÇois.

Commentaires
Publier un nouveau commentaire