Bèl tichan sou anviwònman
Pou lanati k’ap bèl fòk nou plante pyebwa
wouze yo chak maten pou nou ba yo lavi (bis)
1 - Gran papa nou yo te plante ooo
se s’ak fè n’ap viv jodi-a ooo
enou menm si nou pa plante pitit nou yo p’ap onore-n (bis)
2 - Pyebwa yo chaje enpòtans ooo
yo la pou fè lapli tonbe ooo
yo la pou pwoteje plant yo nan sezon chalè ak solèy (bis)
3- Nou jwenn entèlijans Bondye ooo
ki manifeste nan lespri-n ooo
se pou nou pratike-l chak jou nan bèl aksyon yo n’ap poze (bis)
Chan II
Adje peyi nou pou jan w te bèl etranje yo te rele w Paradi tèlman w te fre koulye a gade w depafini akoz pitit ou yo fin debwaze w.
1- Lè nou gade sous dlo nou yo fin disparèt nou menm AJGR lè-n reflechi nou wè fò-n plante pyebwa, paske nan 20 tan ankò se vwazin k’ap pote dlo bannou.
2- Nan tan lontan nou te kon-n wè anpil zwazo akoz anpil pyebwa kite genyen, paske pyebwa k te genyen yo, yo koupe yo, san yo pa replante.
3- Nou desann Lavil n’al chèche lavi sa pi mal pou nou. Nou menm AJGR lè-n reflechi nou wè fòk nou moute mòn pou-n plante pyebwa paske pyebwa se lavi.
Chan III Hymne AJGR
1- AJGR annou leve kanpe ann fè efò pou nou kapab rive, si nou fè sa Bondye va beni nou. Nan pozisyon ke nou ta dwe rive (bis)
Kè : Annou plante pyebwa pou-n wè si na rive paske lavi nou ape detwi.Tande (2fwa) Piga-n koupe pyebwa plante pou nou plante, pou Peyi D’Ayiti k’ap vin pi bèl.
2- La lwa di nou pou-n renmen Patri nou pou-n pwoteje anviwònman si nou fè sa Bondye va beni nou . E lavi nou kapab fleri pi byen (2fwa).
3- Lè nou gade anviwònman nou an pa gen lavi pou ti pyebwa nou yo, y’ap koupe bwa pou yo kab fè lajan. Yo pa konnen si ewozyon k’ap pote-n ale (2fwa).